Nou tout deja konn istwan
Mpa bezwen tounen jus anba
Poum fe'n santi kijan an reta
Fò'n fon jan pou Jere sa
Anpil atis chante pou nou
Men mesaj la pa pase
Ayisyen an nou Reveye'n
Si nou vle peyin vanse !
Koral
Ayisyen leve pye nou
Poun chanje lakay
Poun chanje kilti nou
Poun Gon lot demen (2fwa )
Lead Pedro
Il n'est jamais trop tard pour bien faire
Si nou met Tet ansanm
Yo pap ka meten nan divizyon
Paske nou deja soude
Nou menm anko yo utilize
Poun detwi pwop Tet nou
Fwa sa nou deside
Kou sa pap pase anko
Koral
Ayisyen leve pye nou
Poun chanje lakay
Poun chanje kilti nou
Poun Gon lot demen (2fwa )
Eee exanp lan dwe komanse
Depi nan Ouanamint
Nou deside pran desten an men
Nou di kanal la pap kanpe
Sa prouve se nan linyon
Nou ka fe tout sa'n vle
Yon sel nou fèb
Ansanm nou fò
Slogan mobilizasyonl dwe ye
Koral
Fwa sou pap kanpe
Saw we a se sal ye
Mezanmi exanp lan dwe komanse
Depi nan Ouanamint
Nou deside pran desten an men
Nou di kanal la pap kanpe
Sa prouve se nan linyon
Nou ka fe tout sa'n vle
Yon sel nou fèb
Ansanm nou fò
Slogan mobilizasyonl dwe ye
Koral
Fwa sou pap kanpe
Saw we a se sal ye
Lead Pedro
Pale kitem pale
Yon peyi zansèt yo ba nou
Avek anpil fyèrte
Foli pouvwa yo ap dirije
Pandan yo inyore pep la
Yo priyorize lajan
Pitit pep la yo relel bandi
Yo lage gwo zam nan men yo
Pou yo maturize'n
Mesye kale je nou
Suspann detwi frè ak sèn
Nou tout se pitit soyèt
Dirijan gade saw fè
Eske nou pa wont non
Koral
Sim te nou mta wont
Lead : bann san kè sa yo
Koral : sim te nou mta wont
Lead : bann aloufa sa yo
Koral: sim te nou mta wont
Lead : sim te nou .......
Koral : sim te nou mta wont