Ok bonjou bonswa
Sa pral depann de le wap tande m kounya kote w ye a
Sa se premye track map sevi w nan 10 mizik
Pou sak tap mande kile Brain ap f on album 10 is it
Tande tout text tout melodi fe analiz pote kritik
Paske se sak pou fe m grandi e se sak fe bote mizik
Pou tout timoun papa pèdi bòpe grandi manman pèdi bèlmè grandi pou Haiti X paradi perle des bandits
Yeah
Se pou tout moun ki tromatize
Mantalman fizikman E seksyèlman ke yo abize
Malgre tout etap e tout vye tap yo pran men yo pa brize
Se pou m diw pa gen moun ki pot bon nouvèl san yo pat mize
Pou sak tap sipòte m depi lè m te rapè Facebook
Album sa a se pou m di respè pou m fè lonè ak fyète tout
E si nan tèt ou gen kesyon a kèlke dout
M vin prouve w sak tap mennen yo m te toujou Master ke tout
Album sa a se pou Kassamir Pou Sapphire pou Jyannesy
Se pou Martha se pou Martine Se pou Olyly a Netsy
Se pou zanmi m se pou fanmi m se pou enmi m pou moun a brain
Gen pou tèt e gen pou ren timoun ap jwenn granmoun ap jwenn
Se pou sak tap di m parese ki pa menm konn sa parès ye
Pandan san m pa ekri on mizik Jamè m pa janm pase on journe
E m s on moun ki di sa map di a san m pa nan contourné
Mande yap di w m fè non m nan peyi a san m pa janm f on tourné
Yeah
So put some respect on my name
You ain't gotta love me but just put some respect on my name
Ma ma master wouywouy respekte nonm sa a
Depi w tande men brain men brain respekte non sa a
Album sa a se pou MIKABEN
Nan konbit record ki te vle siyen MASTERBRAIN
Malgre l pat gen mwayen men m konnen love la pat FAKE
Yo ASAP FRESH di MIKA fè m konfyans G nou pral fè S***T
M met karyè m sou poz pou pitit m met karyè m sou poz pou madanm
M pap di se yo k fè m pa fè plis men poz yo pour beaucoup ladann
Dèfwa pou m okipe fanmi m m met on verse sou Do m pou m al vann
Ki vin koz mwen gon bann vye feat men m met vwa m sou yo pou lajan m
Wi paske m pap janm abandone sak pam
M fè album sa a e poum ka padone papa m
E pou m padone tèt mwen Tou si m pa milyonè
Paske m te fè chwa pou m vin mizisyen olye pou m foutbolè
Mati m pase nan piti trust me tèt mwen te ka pati
M pap baw manti believe me m pap chèche senpati
M deja konnen n gen tèt ansanm sèlman lè se lè pou n detwi
Pou n detwi tout sa tipati pa nou pa bati
Men lèw inosan menm la nati ap defann ou e lap fè yo li istwa w menm a rati
Yo di sa m pwodwi pou moun toujou FONSE pam yo TRANSPARAN
Gen moun ki pran sa pou ranse pandan mwen m pran sa GRAN
Karyè m te lage nan lari kou timoun san paran
Big up Pelege ki envesti malgre yo te di l jan m pa bon
M pral konvèti tout dout an konfyans ran pa ran
Li pa janm twò ta pou w aprann Brain fè l a 33 zan
E m fè l nan jan pam nan
Shout out 116 ki fè m santi m gran nan mond pa m nan
Jiskaprezan pi gwo HIT mwen se Pa Ka Fè Pitit
Men evidamman m still gen plis pitit ke hit bizarman
M di l jan l ye a m pa nan sitirans
Album sa a e pou tout vwa bri fè nwa fè fè silans
Pou m di yo sèn nan manke yo se pa de presyon depresyon pa ba yo m wè pèn nan nan je yo
Album sa a e kè m ki pale sou li
So sa e nan posteryè w si w pa ret sou li
Mèsi tout expert ki pase sou li
E Mèsi tout atis ki banm rejè ki pat vle sou li
Vye kòmante pa ka fè m pè m pase pi gwo eprèv
Men tout sak tap dòmi sou mwen yo pral fè move rèv
Sa a e te premye track la nan 10 mizik
Ou tap mande kilè MASTERBRAIN ap f on album 10 IS IT
Si m pat ayisyen m pa tap byen
Si m pat ayisyen m pa tap mwen
Si m pat ayisyen m pa tap BRAIN
But guess what aprè album sa a si m pat ayisyen now m tap lwen
10 IS IT