Ak Konbyen kòb m' ka achte yon rèv
Ak Konbyen kòb m' ka achte vi en or kay òfèv
M'imòtèl konbyen kòb ki ka achte yon prèv
Ki ka konvenk advèsè m' san mete m' a leprèv
Menm si pye m' sou tè
Tèt mwen kouwòn etwal
Konbyen k' ka egalize richès bonè byen e mal
Men Konbyen vo yon coeur
Si m' se yon malad mantal
Konbyen kòb ki ka geri yon plè
Santimantal
Konbyen kòb ki bay don
Konbyen k' ka detwi art
Lè w' jwenn abandon
Konbyen Konbyen ki ka Kill ecart
Tcheezy u the best
And i be like dats right
Konbyen kòb ki ka fè m' king
Nan wayòm espwa
M'anvi achte yon men
M'achte achte yon pye
Pou m' kouri vit trase demen m'
Nan yon maj papye
Kòb vo plus ke yon dan
Li vo mwens ke yon je
Konbyen kòb ki ka ede m'
Prevwa tout danje
Kè m' make yon kokenn sikatris
Ke m'evite pwouve
M' vle efase yo seulman di m'
Ak Konbyen kòb
Seulman dim
Ak Konbyen kòb
Avan yè m' t'ap mennen yon vi
Dejwe m' vle purifier
M' pa konn priye Bon Dieu
Seulman dim
Ak Konbyen kòb
Seulman dim
Ak Konbyen kòb
N'ap touye pou konbyen
N'ap mouye lè n' konn byen
Pauvreté se yon etat d'esprit
Richesse se yon lòt también
Konpleks se yon maladi
Ke doc la mal a di
Si w' kontante w'ap pi kontan
Ke yon boss ki labadie
Konbyen k' ka devye Dieu
Konbyen kòb ki di mieux
Si w' pa ka fè pitit ou retounen apre 12 janvye
Konbyen koute yon manman
Konbyen kòb ki bay sans
Si m'anvi gen yon garde du corps
Konbyen koute konfyans
Ak Konbyen kòb m' ka fèmen bouch syans
M'anvi kwè nan relijyon konbyen koute kwayans
M'santi m' twò senp pafwa konplike
Konbyen m' ka fè m' unik lè foli m' pike
M'anvi monte nan syèl
San kwaze ak demon
Konbyen kòb pri ticket a
Konbyen god tandem non
M' santi m' pov
M' gen twòp byen ki rann mwen mal
M'anvi rekomanse pou m' peye tout erè fatal
Konbyen k' ka fè m' lib
Konbyen paradi an mwen
Konbyen koute souri w'
Manman
[KONBYEN]
[KONBYEN]
Yè swa m'ekri sou yon po elefan
M' pa t' gen plum
M pran l' ak zong
Et c'est si terrifiant
Ke lyric mizik sa
Ret grave aprè 6000 ans
Rèd kou chien k'anba stimulant
M'ap fè w' viv Messi nan Milan